Dechoukay

TonyMix

Compositor: Não Disponível

Team chanpyon records
Tonymix
DJ Winner, tròp stress
Men plezi

Gato sa m te kwaze l sou Delmas - bare
Freezer sa m te wè l nan Petion-Ville - bare
Televisyon sa m te we l sou wout Klèsin - bare
Sofa bed sa m te kwaze l sou Lalu - bare

Sitiyasyon anpire pèp la mande anraje
Yo lage nan dechoukay manman pitit rele anmwey

Si w pa nan dechoukay - leve de men w anlè
Si w vle chanjman pou pèp la - leve de men w anlè
Manje chen tounen corn flakes - leve de men w anlè
Ay ay ay m santi m nève

Wa woule wa woule
Wa woule wa woule manman

Energy
Ala pwason gen zo s on pwason malerèz

Roire
Limena nan dechoukay men l vòlè on twalèt - roire
Blòdè nan dechoukay li bwè chanpou pou lèt - roire
Neg mwen di k ap kriye pou fanm yo gen lanmou dinepa

Pran souf
Pran souf
Pran souf

Gato sa m te kwaze l sou Delmas - bare
Freezer sa m te wè l nan Petion-Ville - bare
Televisyon sa m te we l sou wout Klèsin - bare
Sofa bed sa m te kwaze l sou Lalu - bare

Sitiyasyon anpire pèp la mande anraje
Yo lage nan dechoukay manman pitit rele anmwey

Roire
Limena nan dechoukay men l vòlè on twalèt - roire
Gato dechoukay pa koupe nan fèt - roire
Blòde nan dechoukay li bwè chanpou pou lèt - roire
Fal ou tankou zandolit ki vale on grenn mab - roire
Hey hey hey la la la - roire

©2003- 2025 lyrics.com.br · Aviso Legal · Política de Privacidade · Fale Conosco desenvolvido por Studio Sol Comunicação Digital